No menu items!
HomeEcho Des Elus Kreyòl16 EEK – Nanm mwen te swaf

16 EEK – Nanm mwen te swaf

1

Nanm mwen te swaf

Mwen pat jwenn satisfaksyon

Plezi lemonn te twonpe nanm mwen

Men yon bon jou

Lèm tap chache soulajman

Jezi te dim: vin jwenn repo nan mwen.

Wi mwen te jwenn li bèl sous lavi a

Gras a Jezi ki te mouri pou mwen

San li te koule sou bwa kalvè a

E kounyè a li satisfè nanm mwen.

2

Lavim te tris

Lèm pat ko konnen Jezi

M pat gen espwa, nanm mwen te boulvèse

Men gras Bondye te louvri sous lavi a

E la mwen jwenn padon e libète.

3

O zanmi mwen,

Men pouki sa ou mize

Kouri vini nan bèl sous lavi a

Fado peche ou twò lou pou ou pote

Jezi vle ba ou repo jodi a.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!