No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl16 CDK – Ou pa dwe pè anyen

16 CDK – Ou pa dwe pè anyen

1

«Ou pa dwe pè anyen

Mwen toujou ak ou»

Men pwomès la, kretyen,

Ki soutni kè nou.

Wout sou tè a mèt nwa

Sa pap fè mwen pè;

Nanm mwen plen ak espwa,

Map mache ak bon Sovèm.

Mwen pa janmen sèl; (2 fwa)

Jezi, Sovèm, ap veye mwen

Li pa janm kite mwen sèl

Mwen pa janm tou sèl; (2 fwa)

Jezi, Sovèm, ap veye mwen,

Mwen pa janm rete tou sèl.

2

Solèy la klere byen,

Nan bon tan sèlman;

Men Jezi limyè mwen

Li klere tout tan.

Lè mwen pa wè klète

Solèy ki byen bèl,

Nan nenpòt ki kote

Jezi parèt, mwen wè syèl.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!