No menu items!
HomeEcho Des Elus Kreyòl15 EEK – Lè mwen santim atriste

15 EEK – Lè mwen santim atriste

1

Lè mwen santim atriste

Sou chemen lavi sila a

Lè tout bagay parèt nwa

Lè mwen pa genyen espwa

Mwen konn vle dekouraje

E menm demisyone

Si se pa te ansyen wòch la

Mwen ta abandone.

O, o ansyen wòch la!

Ou menm ki pa janm chanje

O, o ansyen wòch la!

Kache mwen pou jouk lafen.

2

Dlo nan je ak kè kontan

Sou chemen lavi sila a

Pa genyen twò gwo espwa

Pou separe youn ak lòt

Si se pa te ansyen wòch la

Kouman mwen ta fè souri

Nan yon monn kouvri ak lògèy

Mwen ta dezespere.

3

Kache mwen, kachem, souple

Anba manto lagras la

Menm lè pyem ta vle glise

Tanpri pa kitem tonbe.

Ou se yon ranpa pou nanm mwen

Ou se sous konsolasyonm

Mwen pa genyen lòt apui

Ni lòt pi bon zanmi.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!