No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl142 CDK – Syèl la si bèl, O Etènèl

142 CDK – Syèl la si bèl, O Etènèl

1

Syèl la si bèl, o Etènèl,

Li pale nou sou laglwa ou,

Men gen yon bagay ki pi bèl:

Se lè je nou wè pawòl ou.

2

Bèl solèy la ki bay limyè,

Pèmèt nou wè gran pisans ou,

Men nan Bib la, liv mèvèye,

Nou jwenn jistis ak lagras ou.

3

Solèy, lalin, bèl zetwal tou,

Klere latè, lemonn antye.

Se konsa tou, verite ou,

Se pou tout moun sou latè.

4

Levanjil la, mesaj lagras,

Pap janm kanpe, jouk lè tout moun

Vin jwenn ak Jezi fasafas

Li mouri poul pa pèdi yonn.

5

Bon Jezikri, limyè lemonn,

Klere tout moun ak limyè ou.

Levanjil, sajès pou tout moun,

Menm sak rebèl, menm sa ki dou!

6

Ala bèl bagay ou fè n wè,

Se lè lavi yon moun chanje.

Senyè, chanjem, banm yon bon kè.

Nan pawòl ou, banm kè poze.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!