No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl14 RNK – Sòlda Jezikri debou, lè a rive

14 RNK – Sòlda Jezikri debou, lè a rive

1

Sòlda Jezikri debou, lè a rive

Sovè nou prale parèt, an nou leve

Pitit Bondye ap lite nan tout peyi

Pou nou ranvèse wayòm movèzespri.

Refren

Nap reziste (2 fwa)

Lannwit, lajounen, tout tan nap reziste;

Nap reziste (2 fwa)

Nap konbat wayòm satan, nap reziste.

2

Kont tout tantasyon satan, nap reziste.

Kont tout atirans lajan, nap reziste

Kont lemonn avèk plezi, nap reziste

Kont tout movèzespri yo, nap reziste.

3

Kont tout kalite peche, nap reziste

Kont tout move karaktè, nap reziste

Kont lògèy avèk gwo san, nap reziste

Kont tripotaj, medizans, nap reziste.

4

Kont satan, kont maladi, nap reziste

Malgre tout sa nap soufri, nap reziste

Nan lavi kòm nan lanmò, nap reziste

Andedan kòm andeyò, nap reziste.

5

Malgre nou nan tout mizè, nap reziste

Malgre nou soufri grangou, nap reziste

Malgre kò nou touni, nap reziste

Malgre soufrans sou tè sa a, nap reziste.

6

Zanmi nou mèt kite nou, nap reziste

Menm si fanmi kite nou, nap reziste

Yo te mèt kritike nou, nap reziste

Menm Jezi te konn soufri, nap reziste.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!