No menu items!
HomeMélodies Joyeuses Kreyòl14 MJK – Lè zeprèv vini, nou mande pouki

14 MJK – Lè zeprèv vini, nou mande pouki

1

Lè zeprèv vini, nou mande pouki

Nou bezwen soufri ak kè nou tris

Poutan lèzòt yo ki antoure nou

Ape rejwi yo menm nan peche.

Pi devan na wè Jezi nan glwa li

Pi devan nape konprann pouki

Bon kouraj, frè mwen,

Fè kè ou kontan,

Paske yon jou na konprann pouki.

2

Souvan nou mande

Pouki nou bezwen

Pase nan wout sa a poun swiv Jezi

Pandan lèzòt yo ap viv byen alèz

Ann bat pou chache nanm ki pèdi.

3

Rete fidèl jiska lamò, frè mwen

Senyè nou, Jezi egzòte nou.

Nou va kite tout traka nou pase

Lè nou antre nan syèl la yon jou.

4

Yon jou nap la ak Jezi Sovè nou

Nan bèl kay nou lè Li va vini.

Anlè nap kontre byenneme nou yo,

Lè sa a nape byen konprann pouki.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!