No menu items!
HomeHaiti Chante Avec Radio Lumière Kreyòl14 HCK – Depi mwen jwenn Jezi mwen jwenn vrè repo

14 HCK – Depi mwen jwenn Jezi mwen jwenn vrè repo

1

Depi mwen jwenn Jezi mwen jwenn vrè repo,

Jezi kachem nan gran amou li;

Li konprann mwen,

Ledem pote tout fado

Chak jou li banm prèv gran amou li.

Sèlman Jezi, (2 fwa)

Li menm sèl ki satisfèm;

Li banm lajwa, li ban mwen lapè,

Li ban mwen bonè pafè.

2

Depi mwen jwenn Jezi mwen tou jwenn lajwa,

Mwen pat panse sou latè sa a

Mwen te kapab rive jwenn yon si gran jwa

M gentan ap goute bonè syèl la.

3

Depi mwen jwenn Jezi mwen genyen espwa,

Menm nan mizèm,

Menm nan soufrans mwen;

Nanpwen loraj ki ka fèm pèdi lafwa,

Tenèb chanje an limyè pou mwen.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!