No menu items!
HomeEcho Des Elus Kreyòl14 EEK – Depi nan tan lontan

14 EEK – Depi nan tan lontan

1

Depi nan tan lontan

Lèzòm te toujou mechan

Kayen touye Abèl se sa n wè lòm pratike

Jezi vin sou latè

Pou wete peche kriminèl yo

Yaretel, yo touyel, yo klouwel sou lakwa.

Elas! Elas! Mwen regrèt sa pou lemonn

Talè konsa lemonn pral boulvèse vre

Elas! Elas! mwen regrèt sa pou lemonn

Talè konsa lemonn pral dlo nan je.

2e Kè

Elas! Elas! Nou wè lemonn mechan vre

Peche fè lòm vire do bay Letènèl

Jezi vini pou anonse wayòm nan

Kote jistis Bondye va eklate.

2

Akab ak Jezabèl

Met ansanm yo touye Nabòt

Akab ak Jezabèl te panse Bondye pat wè yo

Sa pat rete konsa, Letènèl te kondane yo

Yon jijman, yon egzanp

Bondye trase sou lòm.

3

Lèzòm fabrike zam

Se pa pou yo detwi pye bwa

Lèzòm fabrike zam

Se pa pou yo detwi zannimo

Lèzòm fabrike zam

Se pou yo detwi lòm parèy yo

Yap touye yap jetew

Kè yo pa janm sote, elas.

4

Pou nenpòt ti bagay

Nou wè moun ape touye moun

Pou nenpòt ti plezi

Nou wè moun met kouto sou moun

Moun pa ka gade moun

Yon moman yo mete ou kadav

Yap touye, yap boule,

Epi yap banboche, elas.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!