No menu items!
HomeDes Cantiques Spéciaux Kreyòl14 CSK – Gen kèk moman m konn santim antrave

14 CSK – Gen kèk moman m konn santim antrave

Jezi! Tout tèt bese

Jezi! Tout jenou flechi

Jezi! Ala yon non!

Depiw sitel

Wayòm satan tranble.

1

Gen kèk moman m konn santim antrave

Mwen sèlman site Jezi m soulaje

Nan tout linivè se non sa a ki pi gran

Se li pouw site pouw jwenn bout satan

Gen moun se yon priyè yo fè konfyans

Ak tout priyèw la satan pap baw chans

Gen kèk kote priyèw la pap sèvi

Lè sa a wa sezi wèw te nan manti.

2

Gen kèk moman satan fin dechennen

Lap bay presyon li pa vle wè kretyen

Mwen sèlman di: Jezi! li pran kouri

Se sèl non ki fè kè satan sote

Se non sa a mwen genyen kòm modpas

Depim sitel tout bagay vin anplas

Non sa a pa gen fontyè, li pa gen baryè

Nenpòt lèw sitel se poul fèw wè klè.

3

Devan non Jezi satan pa kanpe

Devan non sa a maladi dwe batba

Se yon non pisan ki chaje ak fòs,

Lè mwen dekouraje se lik banm fòs

Pa gen nan syèl la yon lòt pi gran non

Pa gen sou tè a yon lòt non konsa,

Nan lespas, anba tè a ou pap jwenn

Se sèl non sa a ki depase tout non.

Chant du groupe les Gilbert

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!