No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl14 CDK – Mwen vle mil lang poum chante byen

14 CDK – Mwen vle mil lang poum chante byen

1

Mwen vle mil lang poum chante byen,

Louwanj Redanmtè mwen;

Tout glwa, se pou Bondye, Wa mwen

Gras li gen tout viktwa.

2

Mèt mwen, e Bondye mwen, edem,

Poum anonse patou,

Poum pwoklame sou tout latè

Konesans non Jezi.

3

Jezi, nonw chase lapèrèz

Li chase tristès nou.

Jezi, non ou se bèl mizik,

Lavi ak sante tou.

4

Li kraze pisans vye peche,

Prizonye yo lage,

San li netwaye peche yo

San li netwaye mwen.

5

Nou menm, tout pèp, gade Bondye,

Se li ki sove nou.

Lafwa nan Jezi, lafwa sèl;

Gras li padone nou.

6

Bondye te renmen tout pechè,

Li renmen nou, se vre!

Pou moun toupatou sou latè

Pitit li te mouri.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!