No menu items!
HomeGloire A L’Agneau Kreyòl13 GAK – Byen pam pa isiba

13 GAK – Byen pam pa isiba

1

Byen pam pa isiba

Se pasajè mwen ye,

Menm si mwen malere

Men sa pa fèm anyen;

Jezi se trezò, avèk li mwen satisfè

Alelouya! M gen yon plas nan syèl la.

O! Wi, m santim kontan

Non mwen ekri nan syèl la

Menm si sou tè sa a

Mwen jwenn difikilte

Men sa pa fèm anyen

Jezi te pase plis

Alelouya! M gen yon plas nan syèl la.

2

Frèm yo nan Senyè a

Pinga nou dekouraje;

Chemen an pa fasil

Poun rive nan syèl la.

Mepri, pèsekisyon se sa ki sou wout la

Alelouya! Yon jou sa va fini.

3

Pa okipe lemonn kap rejwi jodi a,

Yap fè anpil pwogrè

Men tout sa ap pase.

Nou menm ki se kretyen

Nou gen vi etènèl

Alelouya! Se kretyen yo ki rich.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!