No menu items!
HomeLes Cantiques De Béraca Kreyòl13 CBK – Gade kijan nanm mwen dezole

13 CBK – Gade kijan nanm mwen dezole

1

Gade kijan nanm mwen dezole

Poutan Bondye vlem viv nan lajwa

Gade kòman tout kò mwen pran tranble

Paske peche fè je mwen wè tou nwa.

Mwen deside viv pou Bondye kotem pase (2 fwa)

Se li menm mwen vle swiv kote male

Menm nan fènwa gwo van ak tè glise

Ak gras Bondye ma va lite mwen pap tonbe.

2

Moun ki vle swiv Jezi dwe yon modèl

Pou enfliyanse tout kè rebèl

Si gen peche ki vle tenyen limyèl

Lèl konfese yo vizaj li vin bèl.

3

Jezi mande poun lite ak peche

Sa li vle se obeyisans nou

Si nan batay la nou rive tonbe

Sonjel pa vle nou rete nan labou.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!