No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl126 CDK – Depi tan lontan Bondye

126 CDK – Depi tan lontan Bondye

1

Depi tan lontan Bondye

Te pwomèt nou Jezikri.

Jou nowèl, yon jou laglwa,

Li te vin bay tout moun jwa.

Men, bèl jou sa a rive,

Jou nou wè Jezi vini.

Chante toupatou sou tè.

Jezi fèt nan Bètleyèm!

2

Bèje, di nou li, tanpri,

Ki nouvèl nou gen pou nou?

Pouki nou vini isit

Kite twoupo yo nan mòn?

3

Lè nou veye nan lannwit,

Men! Nou wè yon bèl limyè!

Zanj yo vini chante ap di:

Sovè a vini sou tè.

4

O Jezi, ki lanmou sa a

Ki fè ou vini desann

Kite syèl la, lakay ou,

Pou rete pami lèzòm?

5

Senyè Jezi, fè nou wè

Yon si bèl dousè nan ou,

Kè nou gen yon gwo dezi

Pou sanble ou plis chak jou.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!