No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl125 CDK – Senyè Jezi ki sove nou

125 CDK – Senyè Jezi ki sove nou

1

Senyè Jezi ki sove nou

Nenpòt ki ras nou ye!

Nou rekonèt se ou ki mèt,

Se ou ki modèl nou.

Nan prezans ou nou rekonèt

Kijan nou gen defo.

Ou renmen nou, men an menm tan

Ou rayi peche nou.

2

Tout panse yo ki nan tout kè

Pa kache devan ou,

Ou konnen tout, ou wè tout klè,

Pa gen sekrè pou ou.

3

Malgre nou fèb, pa bon ditou,

Ou kiten sèvi ou.

Tout kado nou ofri ba ou,

Ou pa refize yo.

4

Anyen pa bon, lè ou pa la,

San ou tout travay ven.

Lonbraj kwa ou pi bèl pou nou

Pase limyè solèy.

5

Ou se zanmin, frè nou, mèt nou;

Ki sa ou vle poun fè?

Se pa rit ni fòm espesyal,

Se sèlman pou swiv ou.

6

Nou pa wè byen, ni tande byen.

Nou pa konn priye byen.

Poutan, nou konnen byen ou se

Laverite, lavi.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!