No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl122 CDK – Ann chante lwanj Bondye Papa nou

122 CDK – Ann chante lwanj Bondye Papa nou

1

Ann chante lwanj Bondye Papa nou

Nan yon bèl kantik damou.

Paske bonte li dire

Toujou fidèl, toujou vre.

2

Se li ki fè yon si bèl solèy,

Lalin, zetwal, tout mèvèy.

3

Li voye lawouze ak lapli

Pou grenn jèmen, plant grandi.

4

Li kòmande tout jaden fètil,

Pou fè rekòt yo anpil.

5

Remèsye li pou viv tè ak fwi

Tout danre li fè vini.

6

Remèsye li pou tout zannimo

Pwason nan dlo, tout zwazo.

7

Gras a li, lavin pa an danje

Li louvri menl nou manje.

8

Men li ban nou manje ki pi bèl

Jezi, pen ki sot nan syèl.

9

Ann chante lwanj bon Papa sa a,

Tout moun chante ak tout vwa.

Dènye Kè

Papa, Pitit e Sentespri

Glwa non ou pap janm fini.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!