No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl121 CDK – Premye nowèl zanj la te pale

121 CDK – Premye nowèl zanj la te pale

1

Premye nowèl zanj la te pale

Bèje yo nan plèn kote yo rete,

Nan plèn kote yo gade mouton,

Yon nwit fredi ki te fènwa.

Nowèl, nowèl, nowèl, nowèl,

Jezi te fèt, Wa lzrayèl.

2

Yo gade syèl la e yo wè

Yon foul bèl zanj yo ki tape chante:

Tout glwa pou Bondye ki nan syèl la

E sou latè lapè e bòn volonte.

3

Avèk limyè yon bèl zetwal,

Kèk maj te soti nan yon peyi byen lwen,

Ak entansyon pou yo chache yon wa,

E yo swiv zetwal la kote li ale.

4

Zetwal la mache tout lannwit,

Rive Bètleyèm, li pa kontinye.

Li rete la e li poze

Toujis kote Jezi te kouche.

5

Alò, maj sa yo vini pou antre,

Ak gran respè yo mete ajenou,

E yo ofri li tout sa yo pote:

Anpil lò, lami ak lansan.

6

Nou menm tou, se pou nou mete ansanm

Pou chante lwanj Senyè nou ki nan syèl,

Ki pat bezwen anyen pou fè syèl ak tè

E ki vini pou sove nou.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!