No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl120 CDK – Nap chante yon kantik nwèl

120 CDK – Nap chante yon kantik nwèl

1

Nap chante yon kantik nwèl

Bèl fèt ki fè nou tout kontan!

Jou nwèl nan tan lontan,

Jezikri te vini sou latè.

Li te desann pami lèzòm,

Kon yon timoun.

E lap voye bòn volonte

Ak lapè pou tout moun!

Sonnen byen bèl

Tout klòch nwèl.

Lè Kris vini

Pou ret ak nou

Emanyèl, non ki si bèl.

2

Bèje yo koute, tout sezi,

Lè zanj lan bay bòn nouvèl la

Tout foul zanj yo tap chante:

Tout glwa pou Bondye ki nan syèl la

Ki gran lanmou li gen pou nou,

Ki fèl desann.

Premye nwèl, jou sa a si bèl

Bèl pou tout moun.

3

Nap tande bèl kantik ankò,

E nap vini prese prese.

Nou vle ofril yon kado,

Se pa lò, men kè nou nap pote.

Li te vini, li te soufri jis nan lanmò,

Pou mennen nou ak tout moun tou,

Nan bèl syèl la.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!