No menu items!
HomeLa Voix Du Réveil Kreyòl12 VRK – Pitit byenneme nan Jezi

12 VRK – Pitit byenneme nan Jezi

1

Pitit byenneme nan Jezi,

Mèvèye pawòl lagras;

Nan pitit li papa a wè nou

Grasa Kris li ban nou plas.

Alèkile nou se pitit Bondye

E sa nou va ye pako manifeste,

Men nou konnen lè li va parèt,

Nou konnen lè li va parèt,

Nou va sanble li,

Nou va sanble li,

Paske na wè li jan li ye.

2

Esperans beni pa lwen nou

Byento na wè glwa Bondye

Lè ekla selès parèt tou

Na kontanple fas Jezi.

3

Pwomès Kris va reyalize,

Na gen menm imaj ak Li,

Se pisans Li ki transfòme

Chak moun ki vin konvèti.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!