No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl12 CDK – Pandan lannwit, lè bèje yo

12 CDK – Pandan lannwit, lè bèje yo

1

Pandan lannwit, lè bèje yo

Tap pran swen mouton yo,

Zanj Senyè a vini desann,

Glwal briye toupatou,

Li di: « Pa pè » paske yo tout

Te tranble, tou sezi,

«Mwen pote bon nouvèl ban nou

Pou nou ak pou tout moun.»

2

Nan lavil David, jodiya,

Yon pitit vini fèt,

Se li ki Kris, Sovè, Senyè,

Men ki siy ma ban nou:

Nou va byen jwenn pitit syèl la,

Li la devan je moun,

Vlope nan yon rad òdinè,

E kouche nan yon krèch.

3

Lè zanj lan te pale konsa,

Yon foul parèt touswit,

Se te lame zanj yo nan syèl

Pou chante kantik sa a:

Tout glwa pou Bondye nan syèl la,

Kè poze sou latè,

Pou moun ki gen bon volonte,

Kè poze pou tout moun.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!