No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl118 CDK – Mwen te chwazi nèt pou toujou

118 CDK – Mwen te chwazi nèt pou toujou

1

Mwen te chwazi nèt pou toujou

Ant monn sa a e Jezikri;

Anyen pap chanje mwen ditou,

Paske li fin pran kèm vre.

Pran monn sa ak tout plezi li,

Pran yo, pran yo, koutkekout,

Ban mwen Jezi, bon Sovè mwen,

Li pi dous pase yo tout.

Pi dous, pi dous pase tout,

Pi dous, dous pase tout.

Ban mwen Jezi, bon Sovè mwen

Li pi dous pase yo tout.

2

Depim fè chwa mwen pou toujou,

Depim mache avèk Kris,

Vi mwen vini pi rich chak jou;

Pawòl li touchem pi plis.

Pran monn sa ak tout richès li,

Pran yo, pran yo, koutkekout,

Ban mwen Jezi, bon Sovè mwen,

Li pi dous pase yo tout.

3

Depi mwen fè chwa pou syèl la,

Depi Kris pi bon zanmim

Tout moun kite mwen sou tè sa a,

Men nan Kris mwen jwenn apuim.

Pran tout amitye sou tè a,

Pran yo, pran yo, koutkekout,

Ban mwen Jezi, bon Sovè mwen,

Li pi dous pase yo tout.

4

Lè zèv lavi mwen va fini,

Lè mwen pase pòt lanmò,

Lè mwen monte kote Bondye,

Lè ma mache bò lòtbò,

Lè je mwen gentan wè zanj yo,

Gran ak piti, ma wè tout.

Ban mwen Jezi, bon Sovè mwen,

Li pi dous pase yo tout.

RELATED ARTICLES

1 COMMENT

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!