No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl115 CDK – Kèk fwa nou jwenn tristès nan lavi nou

115 CDK – Kèk fwa nou jwenn tristès nan lavi nou

1

Kèk fwa nou jwenn tristès nan lavi nou

Kèk fwa kè nou gen gwo fado tou;

Men nou ka konnen nenpòt sak rive,

Jezi la pou toujou.

Nanpwen fado Jezikri pa ka pote,

Nanpwen tristès li pa te genyen tou.

Malgre jou yo ka bay lajwa ou tristès,

Jezi la pou toujou.

2

Lè nou nan mitan pwoblèm lavi sa a,

Chaje ak tray, avèk fado lou;

Nou gen konfò nan Jezi, Sovè a,

Jezi la pou toujou.

3

Lè nap mache nan bèl wout isiba,

Konsa gen montay difisil tou;

Nan pwomès Bondye nou jwenn asirans,

Jezi la pou toujou.

4

Mavèk ou toujou, pawòl la di nou,

Bondye toujou reponn priyè nou;

Konfye ou nan pawòl li, pwomès li,

Jezi la pou toujou.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!