No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl113 CDK – Sou mòn Kalvè, Senyè Jezi

113 CDK – Sou mòn Kalvè, Senyè Jezi

1

Sou mòn Kalvè, Senyè Jezi

Je mwen wè lakwa ou,

Senyè, mwen gen yon dezi:

Senyè, sèvi ak mwen

Senyè, sa rèd pou moun peri

Epoutan mwen fè kè mwen di.

Senyè Jezi, mwen priye ou,

Sèvi ak mwen.

2

Senyè Jezi, sou mòn Kalvè

Mwen wè dèt mwen regle.

Ou menm yo kloure, ki mouri

Men ki resisite.

Jezi, ou gen kay nan syèl la,

Ki pare pou sa yo ki kwè

Senyè Jezi, netwaye mwen,

Sèvi ak mwen.

3

Senyè, lemonn plen ak peche

Banm fòs poum viv lafwa,

Fèm chache nanm egare yo;

Banm gras ou poum fè sa

Lè lavim fini, ma prale

Rankontre nanm mwen te jwenn yo

Ma tandew di: « Ou te fè byen! »

Sèvi ak mwen.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!