No menu items!
HomeEcho Des Elus Kreyòl11 EEK – Mwen genyen yon bagay

11 EEK – Mwen genyen yon bagay

1

Mwen genyen yon bagay

Ki fè kè mwen kontan,

Anpil moun etone

Pou wè kòmanm kontan,

E map toujou kontan

Espwam pa sou tè sa a,

Daprè pwomès Bondye

Menm si mwen te grangou,

Pat gen kay poum rete

Map ret tann gran jou sa.

Pap gen pale fransè, konesans pral fini

Richès pral disparèt, Kris ap vini

Pap genyen gwo mesye,

Pap genyen gwo madanm

Nou tout va menm bagay

Lè jezi va vini

Li pap vini chache savan ak zotobre

Sèlman li va bezwen sa ki fè volontel

Yo va men nan la men (bis)

2

Anpil moun konvèti,

Yo pap chache Bondye

Yape priye sèlman pou kay avèk oto

(Pou kay avèk oto. Se bagay kap pase)

Yo pa priye Bondye

Pou padon peche yo.

Fòk nou fè atansyon

Paske kay ak oto

Pap monte gran jou sa a.

3

Ou kwè pou wal legliz,

Fòk ou byen abiye

Sak pa gen poul mete

Pa dwe chita kotew

(Pa dwe chita kotew, kèw ranpli ak ògèy)

Sonje sa Kris te di avèk gran Nikodèm:

Siw ta vle gen lavi, fòk ou ne de nouvo

E wa wè wayòm sa a.

4

Lasyans ape travay

Malgre sa se anven

Sak konn fè mechanste

Ap vini pi mechan

(Ap vini pi mechan, lòm pa kap bay lavi)

Lòm pa ka chanje lòm

Sèlman san Jezikri

Menm si ou te lougawou

Ou te konn touye moun

Jezi kapab chanjew.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!