No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl11 CDK – San Jezi mwen pa kapab viv

11 CDK – San Jezi mwen pa kapab viv

1

San Jezi mwen pa kapab viv

Mwen pa ka fè yon sèl pa;

Se li menm sèl mwen ta vle swiv.

Map swiv li jouk sa kaba.

Anyen mwen pa gen poum krenn

Puiske Sovèm ap veyem;

Map swiv li san mwen pa plenyen

Li pap kite mwen neye.

2

Amou li avèk pwomès li

Ranpli kèm ak yon gran jwa;

Mwen mèt tou fèb, mwen mèt kagou,

M sèten lap banm laviktwa.

3

Lè fènwa vin pou fèm tranble,

Avèk li mwen brav anpil;

Lè vwa satan ape gwonde

Mwen rete dousman, trankil.

4

Jezi, wete tout sak pa pwòp

Nan kè mwen, pou mwen mache;

Pirifye mwen, lavem, fèm pwòp

Jan Bondye vle pou mwen ye.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!