No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl107 CDK – Kè mwen trankil, O Bondye mwen

107 CDK – Kè mwen trankil, O Bondye mwen

1

Kè mwen trankil, o Bondye mwen!

Mwen vle di ou mèsi.

Kè mwen anpè ak ou.

Pa gen anyen sou latè,

Sof ou ki kapab satisfèm.

Lè mwen bwè nan tout sous lemonn yo,

Kè mwen gen swaf toujou.

2

Mwen swaf dlo sous ki lakay ou,

E yo tou pre mwen nan ou,

Mwen bezwen richès lanmou ou

E li tou prem tou.

Mwen jwenn yon nouvo chan nan kèm

Sou pi bèl mizik la,

Glwa pou Bondye pou tout gras li

Kè mwen poko jwenn.

3

Glwa pou Bondye lè fòs manke,

Pou feblès ak bezwen,

Pou lakrent ki fèm jwenn ak ou,

Pou sa ou gen pou mwen.

Mwen gen yon eritaj lajwa,

Men mwen poko ka wèl.

Se men ki te senyen sou lakwa

Kap kenbe li pou mwen.

4

Kè mwen trankil, o Bondye mwen!

Kè mwen se nan menw li ye,

Mwen tande yon bèl vwa lajwa

Kap sonnen patou.

Anpil moun ap di pawòl sa a:

« Letènèl se lo pa mwen »

Mesaj la nan bèl kantik sa

Pape janm sispann.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!