No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl106 CDK – Men yon bèl istwa

106 CDK – Men yon bèl istwa

1

Men yon bèl istwa:

Kris te kite tout glwa

Li te genyen nan syèl;

Non Li: Emanyèl.

Lèl fèt nan krèch la,

Moun yo pat konprann sa;

Sou latè li pase anpil traka.

Alam renmen Li! Mwen adore Li!

Jezi se tout sa kè mwen bezwen.

Gran Kreyatè a te vin sove mwen;

Mwen konnen Bondye nan Jezikri.

2

Li te imilyel pou nou kapab rachte;

Lè nou te nan fènwa,

Lè nou te san espwa,

Bondye nan gras li

Te kite tout glwa li;

Li te vin chache e sove nanm mwen.

3

Nan gran bonte li,

Pou nou Kris te soufri;

Sou fòm yon nonm li vin

Pou montre plan sali;

Se yon gran mistè sakrifis sou Kalvè;

Kris sèl konn satisfè bezwen kè mwen.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!