No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl102 CDK – Anfen mwen livre volontem si rebèl

102 CDK – Anfen mwen livre volontem si rebèl

1

Anfen mwen livre volontem si rebèl

Mwen vle pou ou, Sovèm, pou ou menm sèl

Kounye a mwen vle di nan priyèm:

Senyè, fè volonte ou nan kèm.

Volonte Bondye dous;

Se li menm mwen kontan swiv;

Senyè, volonte ou agreyab;

Fèm pi konprann li chak jou;

Fèm konnen jan poum swiv ou;

Volonte ou dous, li si emab.

2

Mwen te fini, bouke viv anba peche;

Chemen satan fènwa, rèd e glise

Men yon bèl limyè klere wout la

Lèm te jwenn ak Jezi pre lakwa.

3

O volonte ou dous; ladann map rete;

Ou sèl konnen chemen mwen dwe pase

Tout dezòd regle, lapè ranplim;

Kon yon ti zwazo, nanm mwen vin lib.

4

Nanm mwen kache nan ou, Senyè, pou tout tan

Pye mwen pa pou swiv ankò tras satan.

Ki pisans ki ka egare mwen

Lèm rete nan volonte Bondye?

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!