No menu items!
HomeHaiti Chante Avec Radio Lumière Kreyòl10 HCK – Men yon bèl pwomès

10 HCK – Men yon bèl pwomès

1

Men yon bèl pwomès:

Mwen pap janm bliye ou.

Anyen pap molestem ni detounen mwen.

Menm si tenèb la fè mwen pa wè ditou,

Pi devan limyè selès la va klere.

Mwen pap kite ou ni bliye ou,

Nan men mwen mwen kenbe ou,

Nan bra mwen m antoure ou;

Mwen pap kite ou ni bliye ou,

Mwen se Redanmtè ou, map okipe ou.

2

Map kwè pwomès la:

Mwen pap janm bliye ou.

Annavan map mache ak yon chan jwaye;

Zanmi lemonn bliyem e meprizem tou,

Men Jezi sonje mwen, se sa ki konte.

3

Kan lè a rive pou mwen kite tè sa a,

Ma tande vwa Jezi Redanmtè mwen:

Ou te kenbe lafwa tout tan ou te laba

Antre isit bon e fidèl sèvitè.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!